Selebrasyon jounen entènasyonal lang ak kikti kreyòl – AZ-INFOS

soti 1983 rive ane 2021 an, sa fè deja 38 lane depi divès kominote kreyolofòn toupatou sou latè ap selebre Jounen Entènasyonal lang ak kilti kreyòl. Desizyon sa te vini nan objektif pou pèmèt tout moun sou latè ki itilize lang sila jwenn plas yo epi ka pale lang yo libèlibè tout kote san fòskote.
Jodi a, si nou gade byen kote nou soti ak kote nou ye, nap remake gen gwo jefò ki fèt pou pèmèt lang kreyòl la layite kò li. Yon lòt bò, nou dwe rekonèt, ak objektivite, gen kèk zòn retisans toujou. Nan ka pa nou, nan peyi Ayiti, nou fè fas ak anpil pwoblèm nan anpil espas.
Se pou sa, pou mwa oktòb 2021 an, Akademi Kreyòl Ayisyen pote tèm sila a: «Lang Kreyòl tout kote san fòskote !» Tèm sa a daprè responsab AKA yo reflete sitiyasyon nou kòm pèp ki fè fas ak yon reyalite sosyo lengwistik latwoublay alòske nap viv kòm pi gwo kominote kreyolofòn nan mond lan.
Lè Akademi Kreyòl Ayisyen pote tèm «Lang kreyòl tout kote, san fòskote!» se pa yon souwè, se plis pase sa. Se pito yon rapèl, yon fwote memwa, yon mesaj ki dwe atire atansyon tout moun – tout sektè kit se lekòl, legliz, inivèsite, sant rechèch, konsila ak anbasad Ayiti ki tabli nan divès kwen sou latè pou yo enplike yo nan fè pwomosyon lang kreyòl ayisyen an epi kore devlòpman li.
Nan divès Anbasad Ayiti nan lòt peyi, fòk Anbasadè peyi Ayiti ankouraje etranje pale lang lan menm jan Ayisyen nan dyaspora ap fè gwo jefò pou aprann pitit yo pale ak ekri kreyòl, se mete sant aprantisaj pou ede Ayisyen tankou etranje konnen.
Se okazyon pou sa Akademi Kreyòl Ayisyen salye Ayisyen toupatou, li di yo bòn fèt lang ak kilti kreyòl pandan li envite yo pote kole ansanm pou lang kreyòl la rive tout kote san fòskote. Se yon kondisyon esansyèl ki pou pèmèt yon demen miyò pou Ayisyen nan inite, nan konpreyansyon yonn ak lòt, nan aprann tout bon vre san jako repèt nan systèm edikasyon an, nan pwogrè syantifik ayisyen kòm pèp.
Nan okazyon 28 oktòb la, AKA p ap bliye salye tout pèp kreyolofòn sou latè, nan Karayib la ak nan Oseyan Endyen an ak tout Inivèsite ak Adminstrasyon peyi etranje ki ap pouse etid sou lang kreyòl oswa ki bay lang kreyòl yon nivo ofisyèl ou administratif.
Ayiti se lidè kreyolofoni nan lemonn, Akademi Kreyòl Ayisyen asire nou li ap travay di pou kore devlopman lang kreyòl la pou li toujou jwe wòl lidè li. Akademisyen yo mete ak konkou konseye konsiltatif yo ak sipò tout patnè AKA pou yo travay pou yo founi peyi a zouti referans li bezwen pou lang kreyòl la sèvi nan tout domèn san fòskote.
AKA ap travay pou pote liy politik lengwistik peyi a nan Leta, jan Konstitisyon an mande sa.Ayisyen toupatou, AKA di nou
Bòn fèt lang ak kilti kreyòl!
Viv Lang kreyòl ! Viv Ayiti!
Smith Prinvil